Kondisyon itilizasyon

Dènye modifikasyon : 22 jen 2022


Byenvini sou pwogram "Anbalavil Partenaire" lan, se yon pwogram ki bay tout moun posiblite pou fè lajan gras ak telefòn yo san yo pa envesti yon goud. Map envite w li kondisyon itilizasyon an, pou ka respekte tout prensip yo.

1. Kreye yon kont patnè

Apre ou fin kreye yon kont patnè, done pèsonèl ou tankou non w ak nimewo telefòn ou ap anrejistre sou sistèm nan pou nou ka voye kòb pou ou sou kont "Moncash" ou otomatikman, ak kontakte w pou pataje enfòmasyon ki enpòtan avèk ou.

2. Boutik afilye

Otomatikman ou fin kreye yon kont patnè, ou tou gen yon boutik afilye ki konfigire epi optimize pou ou, se gras ak boutik sa wap ka kòmanse fè lajan nan pwogram nan.

Rad ou wè ki afiche sou boutik afilye w lan, se rad plizye machann kap patisipe nan yon pwogram piblisite ki rele "UPSELL". Otmatikman machann yo lanse yon piblisite pou yon atik yap vann, atik sa tou ajoute sou boutik afilye w lan.

Achak fwa gen yon moun ki kontakte yon machann gras avèk boutik afilye w lan wap jwenn 0.50 Goud pou grenn moun sa.

*ATANSYON Si moun ki klike sou foto atik afilye yo pa sou achte vre, yo kontakte machann nan pou gran mesi, yon moderatè ap retire w nan pwogram patnè an si sa repete plizyè fwa.

Kòman nou peye ?

W ap resevwa kòb ou genyen an Chak 28 jou apati dat ou te fè premye santim ou an men fòk kòb lan rive oubyen depase 100 Goud. W ap resevwa 70% nan kòb ou genyen an sou Moncash ou.

Sa ka rive ou jwenn yon ti reta 2 jou anvan ou resevwa kòb lan, lè konsa se yon moderatè kap analize trafik lyen boutik afilye w lan pou verifye si pagen moun ki pa kliyan potansyèl ki klike sou lyen w lan. Si moderatè a konstate plizyè ka sispè, ou pap resevwa okenn kòb epi moderatè a ap tou retire w nan pwogram nan.

30% nou retire sou kòb ou genyen an ap ede nou devlope enfrastrikti pwogram patnè an pou ka bòw plis posiblite pou fè lajan sou entènèt lan.